Penalite pou Fay nan Peman an aplike si w pa t peye enpo l¨¨ w dwe peye l.
Penalite w dwe peye a se yon pousantaj nan enpo ou pa t peye a.
K¨°man pou w konnen si w dwe penalite a
Nou voye pou ou yon notifikasyon oswa yon l¨¨t si w dwe Penalite pou Fay nan Peman an. Pou plis enf¨°masyon, gade Konprann notifikasyon oswa l¨¨t IRS ou a.
K¨°man nou kalkile penalite a
Nou kalkile Penalite pou Fay nan Peman selon kantite tan depi w te dwe men w pa t peye enpo yo. Enpo ki pa peye yo se total enpo ki dwe par¨¨t sou deklarasyon w lan mwens montan ki te peye nan pwosesis kenbe enpo yo, peman enpo yo estime yo ak kredi ranbousman yo p¨¨m¨¨t yo.
Penalite pou Fay nan Peman an pap depase 25% nan enpo ki poko peye yo.
Nou kalkile Penalite pou Fay nan Peman an selon si w gen:
- Fay nan peman montan lajan ki par¨¨t pou enpo ki sou deklarasyon enpo w la
- Fay nan peman enpo ou pa t rap¨°te nan deklarasyon enpo w la
Fay nan peman montan ki par¨¨t pou enpo sou deklarasyon enpo w la
Si w pa peye montan lajan ki par¨¨t k¨°m enpo ou dwe sou deklarasyon enpo w la, n ap kalkile Penalite pou Fay nan Peman an nan fason sa a:
- Penalite pou Fay nan Peman an se 5% nan enpo ki pa peye chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote peman enpo a pa f¨¨t. Penalite a pap depase 25% nan enpo ki poko peye yo.
- Si ni Penalite pou Fay nan Peman an ni Penalite pou Fay nan Deklarasyon (an angl¨¨) aplike nan yon menm mwa, Penalite pou Fay nan Deklarasyon an ap redwi selon montan Penalite pou Fay nan Peman pou mwa a. Pa ekzanp, olye Penalite pou Fay nan Deklarasyon an 5% pou mwa a, n ap aplike Penalite pou Fay nan Deklarasyon an a 4,5% epi Penalite pou Fay nan Peman an ap 0,5%.
- Si w te ranpli deklarasyon enpo w la al¨¨ pou ou menm s¨¨lman epi w te gen yon plan peman ki apwouve, Penalite pou Fay nan Peman an redwi a 0,25% pa mwa (oswa yon pati nan mwa) pandan pery¨°d plan peman yo apwouve a.
- Si w pa peye enpo w la nan 10 jou apre w fin resevwa yon notifikasyon nan men nou kons¨¨nan entansyon pou nou f¨¨ prel¨¨vman, Penalite pou Fay nan Peman an ap 1% pa mwa oswa yon pati nan mwa a.
- Nou aplike tout chaj la chak mwa, menm si w peye enpo a ann antye anvan mwa a fini.
Fay nan peman enpo ou pa t rap¨°te nan deklarasyon enpo w la
Si w dwe enpo ou pa t rap¨°te nan deklarasyon enpo w la oswa w te peye al¨¨ a, nou kalkile Penalite pou Fay nan Peman an nan fason sa a:
- Si nou jwenn ou dwe enpo ou pa t rap¨°te nan deklarasyon enpo w la, n ap voye ba w yon notifikasyon oswa yon l¨¨t ak kantite lajan an ak yon dat limit pou w peye. Dat limit yo jeneralman se 21 jou kalandriye apre nou fin voye notifikasyon an oswa 10 jou travay apre nou fin voye notifikasyon an si montan enpo ou dwe a 100 000 dola oswa plis.
- Si w pa peye enpo w la nan dat limit ki nan notifikasyon oswa l¨¨t nou voye ba w la, Penalite pou Fay nan Peman an ap 0,5% sou enpo ou pa t peye al¨¨ a pou chak mwa oswa yon pati nan mwa a ou pa peye apre dat limit la.
- Si w te ranpli deklarasyon enpo w la al¨¨ pou t¨¨t ou s¨¨lman, epi w te gen yon plan peman ki apwouve, Penalite pou Fay nan Peman an redwi a 0,25% pa mwa (oswa yon pati nan mwa) pandan pery¨°d plan p¨¨man yo apwouve a.
- Si w pa peye enpo w la nan 10 jou apre w fin resevwa yon notifikasyon nan men nou kons¨¨nan entansyon pou nou f¨¨ prel¨¨vman, Penalite pou Fay nan Peman an ap 1% pa mwa oswa yon pati nan mwa a.
- Nou aplike tout chaj chak mwa, menm si w peye enpo a ann antye anvan mwa a fini.
·¡²Ô³Ù±ð°ù¨¨ sou yon penalite
Nou mete enter¨¨ sou penalite yo.
Dat nou k¨°manse mete enter¨¨ yo depann ki kalite penalite li ye. ·¡²Ô³Ù±ð°ù¨¨ yo ap ogmante montan ou dwe a jiskaske ou peye tout d¨¨t ou yo n¨¨t. Pou plis enf¨°masyon sou enter¨¨ nou chaje sou penalite yo, gade ·¡²Ô³Ù±ð°ù¨¨ sou peman ki pa sifi ak peman ki f¨¨t anplis (an angl¨¨).
Peye yon penalite
Voye ba nou yon peman oswa peye tout enpo w yo pou anpeche penalite ak nouvo enter¨¨ yo vin plis.
Efase oswa diminye yon penalite
Nou kapab efase oswa redwi k¨¨k penalite si w aji ak bon konsyans epi w ka montre rezon valab (an angl¨¨) ki f¨¨ w pa t kapab respekte responsablite enpo w yo. Selon lalwa, nou pa kapab efase oswa redwi enter¨¨ yo amwenske yo efase oswa redwi penalite a.
Pou plis enf¨°masyon, gade ?d nan penalite (an angl¨¨).
Diskite yon penalite
Si w pa dak¨° ak montan w dwe yo, ou kapab diskite penalite a.
Rele nou sou nimewo gratis ki par¨¨t nan pati anl¨¨ dwat notifikasyon oswa l¨¨t ou a oubyen ekri nou yon l¨¨t ki mansyone poukisa nou dwe rekonsidere penalite a. Konekte epi voye l¨¨t la ak nenp¨°t dokiman ki enp¨°tan nan adr¨¨s ki sou notifikasyon oswa l¨¨t ou a.
Asire w gen enf¨°masyon sa yo l¨¨ w ap rele oswa voye l¨¨t ou a:
- Notifikasyon oswa l¨¨t nou te voye ba w la
- Penalite ou vle nou rekonsidere a
- Yon esplikasyon sou rezon ki f¨¨ w panse w dwe efase chak penalite.
Si w pa t resevwa yon notifikasyon, ch¨¨che asistans nan telef¨°n.
Evite yon penalite
Ou kapab evite yon penalite pandan w ap ranpli epi peye enpo w la anvan dat limit la. Si w pa kapab, ou ka aplike pou yon pwolonjman tan pou f¨¨ deklarasyon oswa yon plan p¨¨man.
Aplike pou yon Pwolonjman nan Tan pou w Ranpli a
Si w bezwen plis tan pou w prepare deklarasyon enpo w la, aplike pou yon pwolonjman tan pou w ranpli a. Sa pa vle di yon pwolonjman nan tan pou w peye a. Yon plan peman ka ede w peye nan yon pery¨°d tan.
Aplike pou yon plan peman
Si w pa kapab peye tout montan lajan enpo w yo oswa penalite yo al¨¨, peye sa w kapab la kounye a epi aplike pou yon plan pou peman. Ou kapab redwi penalite ki ka ajoute pi devan l¨¨ w f¨¨ yon plan peman.
°ä³ó¨¨³¦³ó±ð ¨¨d
Pou jwenn ¨¨d kons¨¨nan yon penalite, rele nimewo telef¨°n ki sou notifikasyon w lan. Si w pa t resevwa yon notifikasyon, itilize asistans nan telef¨°n.
Lwa ak r¨¨gleman
- Fay nan Peman Enpo ¡ª
- Fay nan Peman enpo ¡ª
Bezwen ¨¨d?
- Ou ka otorize yon moun (an angl¨¨) pou kontakte IRS la pou ou.
- Gade si w kalifye pou resevwa ¨¨d nan men yon .
- Si w pa kapab jwenn sa w vle a anliy, rele nan nimewo IRS nan pati anl¨¨ avi oswa l¨¨t ou a. Si w pa te resevwa yon l¨¨t oswa yon avi, itilize asistans telefonik
- Si ou pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte S¨¨vis Defans Kontribyab la, yon ¨°ganizasyon endepandan anndan IRS.