Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-83, 31 me 2022
Anvan pou IRS la otorize al¨¨jman fiskal pou viktim katastw¨°f yo, Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan dwe bay yon deklarasyon katastw¨°f. Jeneralman, IRS la ap otorize al¨¨jman fiskal pou katastw¨°f pou tout z¨°n yo idantifye nan yon deklarasyon katastw¨°f si FEMA (Federal Emergency Management Agency, Ajans Federal pou Jesyon Ijans) idantifye omwen yon z¨°n ki kalifye pou pwogram Asistans Endividy¨¨l yo a.
Men k¨¨k bagay ki an rap¨° ak taks ki konn rive souvan apre yon katastw¨°f:
IRS la bay kontribyab yo plis tan pou yo deklare ak peye. Kontribyab ki gen adr¨¨s dosye ki nan yon z¨°n ki kalifye pou al¨¨jman fiskal pou katastw¨°f IRS la ap resevwa plis tan nan men IRS la otomatikman pou yo f¨¨ deklarasyon yo ak peye taks yo. Paj asistans pou katastw¨°f (an angl¨¨) IRS la bay mizajou ki gen rap¨° ak katastw¨°f yo ak lyen pou resous yo. Dabitid, enf¨°masyon yo disponib sou kont Twit¨¨ IRS la (an angl¨¨) tou. Kontribyab yo kapab rele liy asistans pou katastw¨°f ajans lan tou nan 866-532-5227 pou kesyon yo.
Kontribyab yo kapab kalifye pou yon dediksyon taks sou p¨¨t pa aksidan. Moun ki genyen pwopriyete ki andomaje oswa p¨¨di akoz yon katastw¨°f gouv¨¨nman federal deklare ka kalifye pou reklame yon dediksyon pou p¨¨t pa aksidan. Yo kapab reklame li nan akty¨¨l deklarasyon taks yo a oswa nan sa ane pase a. Sa ka bay yon pi gwo ranbousman.
Moun yo kapab aplike pou yon pr¨¨ oswa sibvansyon nan ka katastw¨°f. Administrasyon Ti Antrepriz la ofri ¨¨d finansye pou pwopriyet¨¨ ti biznis yo, pwopriyet¨¨ kay yo, ak lokat¨¨ yo. ?d sa se pou sila yo ki nan yon z¨°n katastw¨°f gouv¨¨nman federal deklare. Pou yo kalifye, f¨°k kontribyab yo te soum¨¨t tout deklarasyon taks yo ekzije pou soum¨¨t yo.
Kontribyab yo ka bezwen yon relve deklarasyon taks. Moun ki bezwen yon relve taks pou akonpaye ak reklamasyon pou katastw¨°f yo kapab jwenn relve gratis l¨¨ yo itilize Resevwa Transkripsyon pou yo gen aks¨¨ a transkripsyon yo anliy touswit oswa pou yo mande livrezon pa lap¨°s. Epi tou, yo kapab rele 800-908-9946 pou yo mande livrezon pa lap¨°s oswa soum¨¨t F¨°m 4506-T, Demann pou Relve Deklarasyon Taks (an angl¨¨).
Moun ki bezwen yon kopi deklarasyon taks yo ta dwe soum¨¨t F¨°m 4506, Demann pou Kopi Deklarasyon Taks (an angl¨¨). IRS retire fr¨¨ yo abitye peye yo epi akselere demann pou kopi deklarasyon taks yo pou moun ki bezwen yo pou yo aplike pou avantaj ki an rap¨° ak katastw¨°f yo oswa pou yo soum¨¨t deklarasyon amande pou yo deklare p¨¨t ki an rap¨° ak katastw¨°f la. Si kontribyab la ap soum¨¨t F¨°m 4506-T oswa 4506 yo, li ta dwe mansyone sou f¨°m nan, demann nan an rap¨° ak katastw¨°f la epi mete eta a ak ki ev¨¨nman. Sa ap ede pwosesis la ale pi vit.
Moun ki demenaje dwe soum¨¨t yon chanjman adr¨¨s. Apre yon katastw¨°f, moun yo ka bezwen demenaje pandan yon moman. Sila yo ki demanje yo dwe soum¨¨t F¨°m 8822, Chanjman Adr¨¨s (an angl¨¨) pou yo f¨¨ IRS la konnen nouvo adr¨¨s (an angl¨¨) la.
IRS la ankouraje tout kontribyab ki kons¨¨ne yo pou yo gade tout al¨¨jman federal pou katastw¨°f la sou .