Kons¨¨y sou Taks IRS 2021-70, May 19, 2021
Pi bon mwayen pou verifye ranbousman fiskal ou se av¨¨k zouti Kote Ranbousman Mwen ? an. Kontribyab yo ka k¨°manse verifye estati ranbousman nan 24¨¨ apre yo fin resevwa yon deklarasyon yo te f¨¨ pa mwayen elektwonik. Zouti a bay tou, yon dat pou ranbousman ki p¨¨sonalize, apre ranbousman an fin trete ak apre yo fin apwouve yon ranbousman.
Kontribyab yo ka aksede ak zouti Kote Ranbousman Mwen an nan de (2) fason:
- Vizite IRS.gov
- Telechaje aplikasyon IRS2Go a
Pou itilize zouti a, kontribyab yo ap bezwen:
- Nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividy¨¨l yo
- Estati deklarasyon taks
- Montan ekzakt ranbousman ki deklare sou deklarasyon taks yo
Zouti a afiche pwogresyon yo an twa faz:
- Deklarasyon an resevwa
- Ranbousman an apwouve
- Ranbousman an ale
L¨¨ estati a chanje pou l vin apwouve, sa vle di IRS ap prepare pou li voye yon ranbousman pa mwayen depo dir¨¨k sou kont bank kontribyab la oswa dir¨¨kteman bay kontribyab la pa lap¨°s, sou f¨°m ch¨¨k, nan adr¨¨s ki nan deklarasyon taks li a.
IRS f¨¨ mizajou nan zouti Kote Ranbousman Mwen an yon fwa chak jou, dabitid lannwit. Konsa, kontribyab yo p ap bezwen verifye estati a pi souvan.
Kontribyab yo bay tan pou enstitisyon finansy¨¨ a pibliye ranbousman an sou kont yo oswa pou yo livre li pa lap¨°s. Rele IRS p ap f¨¨ yon ranbousman fiskal f¨¨t rapid. Enf¨°masyon ki disponib sou Kote Ranbousman Mwen? an se menm ak sa asistan telefonik IRS yo bay la.
Plis enf¨°masyon:
- Kesyon yo Poze Souvan sou Ranbousman
- Kontribyab yo pa dwe kw¨¨ mit sa yo sou ranbousman taks federal yo (an angl¨¨)
Videyo YouTube IRS
- Kil¨¨ M ap Jwenn Ranbousman Mwen an? (an angl¨¨) (Demode)