ÐÇ¿ÕÌåÓýÊÖ»ú¶Ë

Kesyon yo poze souvan kons¨¨nan F¨°m 1040-X, Deklarasyon Modifye Enpo sou Revni Moun Ozetazini

?ske mwen ka soum¨¨t deklarasyon amande mwen an anliy? (mizajou 28 me 2025)

Wi. Si w bezwen modifye F¨°m 1040, F¨°m 1040-SR, F¨°m 1040-NR, 1040-SS, oswa (anvan 2023) F¨°m 1040-PR pou ane akty¨¨l la oswa de (2) pery¨°d enpo anvan yo, ou kapab amande f¨°m sa yo anliy av¨¨k lojisy¨¨l enpo ki disponib yo.

Ki rezon ki f¨¨ yon deklarasyon enpo amande pa ka ranpli anliy? (mizajou 28 me 2025)

Yo dwe ranpli deklarasyon amande yo sou papye pou rezon sa yo:

  1. Tout deklarasyon amande F¨°m 1040, 1040-SR, 1040-NR, 1040-SS oswa (anvan 2023) 1040-PR pou ane ki diferan de ane akty¨¨l la ak de (2) ane anvan l yo, pa kapab amande anliy. Deklarasyon amande pou nenp¨°t ansyen ane fiskal sa yo dwe ranpli sou papye.
  2. Si w ap amande deklarasyon yon ane pase ki te soum¨¨t anvan sa sou papye pandan ane y ap trete Ii a,
  3. deklarasyon amande a dwe soum¨¨t tou sou papye tou.

Kouman pou mwen ranpli deklarasyon amande mwen an anliy?

Kontakte founis¨¨ lojisy¨¨l enpo ou pi pito a pou verifye patisipasyon yo, reponn tout kesyon ak pou enstriksyon espesifik ki neses¨¨ pou soum¨¨t deklarasyon amande w la.

Konbyen deklarasyon amande yo ka ranpli anliy? (mizajou 2 janvye 2024)

Moun k ap ranpli yo kapab depoze jiska twa (3) deklararasyon amande anliy pou chak ane fiskal. Si ou depoze yon twazy¨¨m deklarasyon amande epi yo aksepte I, yap rejte tout tantativ ki vin apre yo.

?ske mwen ka ranpli deklarasyon amande mwen an anliy pou ane fiskal anvan yo? (mizajou 28 me 2025)

Ou kapab amande deklarasyon F¨°m 1040, 1040-SR, 1040-NR, 1040-SS, oswa (anvan 2023) 1040-PR pou ane akty¨¨l la oswa de (2) ane anvan yo eletwonikman.

?ske y ap trete deklarasyon amande mwen an pi vit l¨¨ mwen ranpli Ii anliy? (mizajou 4 jen 2024)

Pet¨¨t youn oswa de sem¨¨n, paske sa elimine tan lap¨°s la. Anjeneral, ou dwe p¨¨m¨¨t ant 8 a 12 sem¨¨n pou yo trete F¨°m 1040-X ou a. Sepandan, nan k¨¨k ka, tretman an ka pran jiska 16 sem¨¨n. Ou ka vizite tablo estati tretman (an angl¨¨) nou an pou plis enf¨°masyon kons¨¨nan or¨¨ tretman nou yo.

Ki f¨°m ki obligatwa av¨¨k yon deklarasyon amande yo ranpli elektwonikman? (mizajou 28 me 2025)

Yon deklarasyon F¨°m 1040, 1040-SR ak 1040-NR amande ap bezwen pou yo soum¨¨t tout f¨°m ak bar¨¨m ki neses¨¨ yo tankou se te premye fwa y ap soum¨¨t, menm si k¨¨k f¨°m pa gen okenn ajisteman. Sa se yon konpleman sou yon F¨°m 1040-X ki tache.

Deklarasyon F¨°m 1040-SS ak (anvan 2023) 1040-PR amande a ekzije pou yo soum¨¨t tout f¨°m ak bar¨¨m neses¨¨ tankou se te premye fwa y ap soum¨¨t, menm si k¨¨k f¨°m pa gen okenn ajisteman. Remake tou, F¨°m 1040-X la p ap tache ansanm av¨¨k F¨°m 1040-SS oswa (anvan 2023) 1040-PR la.

?ske sa ekzije yon nouvo F¨°m 8879, l¨¨ w ap ranpli f¨°m 1040-X la elektwonikman?

Yon nouvo F¨°m 8879 obligatwa chak fwa yo ranpli yon F¨°m 1040 oswa F¨°m 1040-SR amande elektwonikman.

?ske depo dir¨¨k yo disponib pou F¨°m 1040-X yo ranpli elektwonikman? (mizajou 28 me 2025)

Yo ka mande depo dir¨¨k pou deklarasyon amande ki soum¨¨t anliy yo pou ane fiskal 2021 ak ane fiskal apre yo apati k¨°mansman tretman ane Yo ka mande depo dir¨¨k pou deklarasyon amande ki soum¨¨t anliy yo pou ane fiskal 2021 ak ane fiskal apre yo apati k¨°mansman tretman ane fiskal 2023 a. Yo dwe antre enf¨°masyon kont bank¨¨ yo sou F¨°m 1040-X (oswa F¨°m korije 1040-SS oswa (anvan 2023) 1040-PR) ki soum¨¨t anliy yo.

?ske F¨°m 8888, Alokasyon Ranbousman (ki gen ladan Acha Bon Ekonomi), kapab ranpli ak yon deklarasyon amande?

Wi. Yo ka tache F¨°m 8888 la nan yon deklarasyon amande ki soum¨¨t anliy pou f¨¨ demann yon depo dir¨¨k sou plizy¨¨ kont bank¨¨. Yo paka s¨¨vi ak ranbousman deklarasyon amande yo pou achte bon ekonomi yo.

Ki kote mwen ka voye yon ch¨¨k sou papye pou yon deklarasyon amande ki f¨¨t anliy epi ¨¨ske mwen ta dwe itilize yon F¨°m 1040-V, Bon Peman?

Itilize F¨°m 1040-V, Bon Peman l¨¨ w voye yon ch¨¨k papye pou peman yon deklarasyon amande yo ranpli anliy. Enstriksyon F¨°m 1040-V bay adr¨¨s postal la pou w voye ch¨¨k papye a.

Kouman mwen ka tcheke estati deklarasyon amande mwen te ranpli anliy Ian? (mizajou 2 janvye 2024)

Ou ka itilize zouti anliy Kote deklarasyon amande mwen an? oswa nimewo telef¨°n gratis 866-464-2050, pou verifye estati deklarasyon w Ian epi konfime resepsyon an.

Nan konbyen tan m ap kapab itilize aplikasyon Kote deklarasyon amande mwen? an pou m verifye estati yon deklarasyon amande ki ranpli anliy?

Zouti anliy Kote deklarasyon amande mwen an? (WMAR) oswa nimewo telef¨°n gratis 866-464-2050 kapab s¨¨vi pou mizajou estati yo twa sem¨¨n apre ou fin ranpli deklarasyon an. Toulede zouti yo disponib nan lang angl¨¨ ak pany¨°l e yo gen tout d¨¨nye enf¨°masyon yo disponib.

?ske mwen ka jwenn estati yon deklarasyon amande pou plizy¨¨ ane fiskal? (mizajou 2 janvye 2024)

K¨°te deklarasyon amande mwen an? oswa nimewo telef¨°n gratis 866-464-2050 ka f¨¨ w jwenn estati deklarasyon amande w la pou ane fiskal sa a oswa jiska twa ane fiskal anvan.

Kisa k ap rive l¨¨ estati deklarasyon amande mwen an di yo resevwa l? (mizajou 3 jen 2024)

Yo te resevwa deklarasyon amande w la epi y ap trete li. 

Kisa k ap rive l¨¨ estati deklarasyon amande mwen an di yo ajiste l?

Gen yon ajisteman ki f¨¨t sou kont ou a. Ajisteman an gen rap¨° ak yon ranbousman, balans lajan ou te dwe oswa okenn chanjman nan enpo ou yo.

Kisa k ap rive l¨¨ estati deklarasyon amande mwen an di yo fin trete li?

Deklarasyon amande w la fin trete. W ap resevwa tout enf¨°masyon ki gen rap¨° ak tretman an pa lap¨°s.

Sa gen plis pase 12 sem¨¨n depi w te resevwa deklarasyon amande mwen an. Poukisa li poko trete? (mizajou 4 jen 2024)

Gen k¨¨k deklarasyon amande ki pran plis pase 12 sem¨¨n pou plizy¨¨ rezon. Deklarasyon w lan ka bezwen plis revizyon si li:

  • Gen er¨¨
  • Pa konpl¨¨
  • Pa siyen
  • Yo tounen l ba w pou w bay plis enf¨°masyon
  • Gen ladan l yon F¨°m 8379, Alokasyon konjwen ki viktim
  • Afekte pa v¨°l idantite oswa fwod

Reta nan pwosesis la ka rive tou l¨¨ yon deklarasyon amande bezwen:

  • Rout nan yon dom¨¨n espesyalize
  • Otorizasyoon depatman fayit nan IRS la
  • Revizyon ak apwobasyon yon ofisye revni
  • Revizyon yon ap¨¨l oswa yon rekonsiderasyon yo mande nan yon desizyon IRS

Y ap kontakte w si gen gen bezwen plis enf¨°masyon pou trete deklarasyon amande w la.

Ki kalite deklarasyon amande ki pa disponib nan zouti a?

Kote deklarasyon amande mwen an? pa ka ba w estati deklarasyon oswa reklamasyon sa yo:

  • Demann pou rep¨°te ak reklamasyon
  • Reklamasyon mari oswa madanm ki blese
  • Yon F¨°m 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividy¨¨l Ameriken, ki make kom amande oswa korije
  • Yon deklarasyon amande ak yon adr¨¨s aletranje.
  • Yon deklarasyon enpo pou biznis amande
  • Yon deklarasyon amande yon inite espesyalize trete¡ªtankou Depatman Egzamen oswa Fayit nou an.

Ou kapab twouve enf¨°masyon sou enpo sa yo itil: